Pwezi Kreyòl · Deboukante
Raketè
Mwen se pitit deyò gwo loray
Lanayson nye m, mwen fè papye m
Se chache m konn chache,
Se mache m konn mache.
Pa gen lizyè ant lavi di ak lavi ti rich
Ayiti Toma se yon kout pokè,
De bon jwenn, de byen kontre.
Rele m atoufè,
M pa rann sèvis
Metye m se met siyati zotobre
Sou do maleng larepiblik
Sou Gran Ri yo pa fè kado aleken ni soupe
Jere m pou m jere w,
Si w pa ganyen pou w di m, kale m tèt nèg,
Grenn pwomenen, lakay pa mèg
Biwo m ouvri pou tout piblik
M pi pre pase pòt tout lopital bò isit
Biwo m se DGI ak Pakè plwaye n on djakout
Leta se mwen, nou se Leta
Nan pòch mwen w ka jwenn tout direktè
Chimen drèt kou kwochi
Pase anwo, m ap tann ou atè
Se mwen raketè
Nathanaël DELVA