Pwezi Kreyòl · Deboukante
#FanmLespwa
Lespwa dekoupe yon mizik nan kè m
An twa kouple…
Ti bon anj twouble
Van k ap woule
Trennen kalbas mwen sou chimen w.
M ap respire, gout pa gout…
Yon melanj swè ak sann
Douvan doulè w, krèvkè w
Kè m fann,
Men m kontan wè w fanm
Ou gen sant tè a avan lapli
Sant lakay
Sant lespwa n, maji traka n
Poto mitan n, Azaka n,
Se ou fanm Makaya
Lespwa pataje vwa m
Twa kout lanbi…
Madan Sara k ap danse
Sou chak sakad bwa fouye
Sou chak fasad reyalite n
Si w gade Madan Sara nan je
W ap goute piman nan grenn siwèl
W ap tande rèl
Makrèl fòse
Chimen nan rèv Madan Sara
Fè dlo koule nan je Mona Lisa
Lespwa pataje rèv mwen,
Twa kout banbou
Lannwit neye rèl pitit mapou
Anba lonbray soufrans manman
Manman, m paka sispann kriye doulè w
Men m toujou kontan wè w
Mizè nan riyèl se plenn
Men konbyen bon grenn?
Pou manman pèdi nan Kafou, Tibwa,
Pou n konprann doulè gen vwa
Konbyen soupi, konbyen tanpri?
Pou n sispann kout za m nan rèv pitit san papa?
Nathanaël Delva