Pwezi Kreyòl · Deboukante

Dodomeya

11 juillet 2020 · Nathanaël Delva

Lè m pran chache kot lakansyèl fè kwen
Labriz mennen m douvan souri w
Se nan karès ou doudou
Lavi m ka pran gou
E l vin pi bèl
Lè m kite kè m dòmi nan pye w…
Tout ti chimen jennen,
Al bout douvan pòt ou
Menm kout zeklè,
Prezans ou chanje koulè
Anba moumou lalin
Ou mennen m keyi yon grenn siwèl
Kon abdenwèl,
Karès ou pran abiye rèv mwen,
Lè m ap dodomeya
Nan reyalite w.
Nathanaël Delva